Revni Brit Ajiste:
Revni brit ajiste se total revni avan enpo mwens nenpòt dediksyon pewòl (takou kontribisyon nan yon 401k, IRA avan enpo, Kont Epay Sante yo, Kont Depans Fleksib oswa lòt plan plan kafeterya) ak ajisteman nan revni yo.
Si revni ou (pa egzanp salè, lòt revni) oswa sitiyasyon pèsonèl yo (pa egzanp chanjman esti matrimonyal oswa kantide depandan) ta chanje pandan ane ki pase a nou rekòmande ou itilize zouti a pou fè estimasyon AGI ou.
Si revni ou ak sitiyasyon pèsonèlpat chanje pandan ane ki pase a, ou gendwa chwazi itilize deklarasyon taks revni federal 2020 ou pou kapab jwen yon estimasyon AGI 2021 ou byen vit. Nan deklarasyon taks federal 2020 ou, tanpri ale nan:
- Lin 11 si ou te ranpli yon Fòm 1040
Rapèl Enpòtan: Si ou gen estati moun ki marye ki fè deklarasyon konjwent, w ap gen pou w konbine total revni a, dediksyon pewòl yo ak ajisteman revni yo pou toulède konjwen yo yon fason pou kapab itilize zouti sa a kòrèkteman
Pou plis enfòmasyon sou revni brit ajiste, tanpri gade Definisyon Revni Brit Ajiste
Kredi Taks sou Revni ou Touche (EITC)
Kredi Taks sou Revni ou touche (EITC) a se yon kredi taks ki ranbousab pou patikilye ak fanmi ki pa gen gwo revni yo oswa sa ki gen revni modere yo. Kontribyab ki touche pi piti pase $60,000 nan ane 2022 an gendwa kalifye pou EITC.
Revni ou Touche ak revni brit ajiste (AGI) sipoze pi piti pase:
Si ou fè deklarasyon antanke selibatè, Chèf Fwaye oswa Vèf/Vèv:
- $53,057 ak twa (3) oswa plis Timoun Kalifye ki Reklame.
- $49,399 avèk de (2) Timoun Kalifye ki Reklame.
- $43,492 avèk yon (1) Timoun Kalifye ki Reklame.
- $16,480 avèk zewo (0) Timoun Kalifye ki Reklame.
Si ou fè deklarasyon antanke moun ki marye ki fè deklarasyon konjwent:
- $59,187 ak twa (3) oswa plis Timoun Kalifye ki Reklame.
- $55,529 ak de (2) Timoun Kalifye ki Reklame.
- $49,622 ak yon (1) Timoun Kalifye ki Reklame.
- $22,610 ak zewo (0) Timoun Kalifye ki Reklame.
Sèvi ak Asistan EITC sou sit IRS.gov la pou ou tcheke si ou kalifye. Kontribyab yo sipoze fè yon deklarasyon taks federal, menm delè yo pa ta gen obligasyon pou fè sa, konsa y ap ka reklame epi resevwa kredi a. Gen kèk eta ki genyen yon kredi ki similè. Pou plis enfòmasyon sou Kredi Taks sou Revni ou Touche (EITC) a, Chèche seksyon Kesyon ak Repons sou paj IRS.gov la.
Pou plis enfòmasyon vizite Sijè Taks 601 oswa sèvi ak Asistan EITC.